Haitian Creole Bible

Proverbs 28

Proverbs

Return to Index

Chapter 29

1


 

  ¶ Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò.  

 

 

-

2


 

  ¶ Lè se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn.  

 

 

-

3


 

  ¶ W'ap fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l' l'ap gaspiye.  

 

 

-

4


 

  ¶ Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a.  

 

 

-

5


 

  ¶ Moun k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo.  

 

 

-

6


 

  ¶ Moun mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt.  

 

 

-

7


 

  ¶ Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa.  

 

 

-

8


 

  ¶ Moun ki pa gen respè pou lòt ap mache simen kont nan tout peyi a. Men moun ki gen konprann konnen pou l' kontwole tèt li lè li fache.  

 

 

-

9


 

  ¶ Lè moun ki gen konprann al nan leta ak moun fou, fache pa fache anyen p'ap regle.  

 

 

-

10


 

  ¶ Depi yon moun serye, ansasen pa vle wè li. Men, moun ki mache dwat yo ap pwoteje l'.  

 

 

-

11


 

  ¶ Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.  

 

 

-

12


 

  ¶ Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.  

 

 

-

13


 

  ¶ Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè.  

 

 

-

14


 

  ¶ Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan.  

 

 

-

15


 

  ¶ Baton ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.  

 

 

-

16


 

  ¶ Lè mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe.  

 

 

-

17


 

  ¶ Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.  

 

 

-

18


 

  ¶ Lè pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l' fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande!  

 

 

-

19


 

  ¶ Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l' obeyi.  

 

 

-

20


 

  ¶ Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile.  

 

 

-

21


 

  ¶ Lè ou mou ak yon esklav depi li tou piti, rive yon lè l'ap konprann se pitit ou li ye.  

 

 

-

22


 

  ¶ Moun ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.  

 

 

-

23


 

  ¶ Awogans fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.  

 

 

-

24


 

  ¶ Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l'. Si li pa denonse l', madichon Bondye ap tonbe sou li.  

 

 

-

25


 

  ¶ Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen.  

 

 

-

26


 

  ¶ Anpil moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri.  

 

 

-

27


 

  ¶ Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat.  

 

 

-

Proverbs 30

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: