Haitian Creole Bible

Proverbs 21

Proverbs

Return to Index

Chapter 22

1


 

  ¶ Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò.  

 

 

-

2


 

  ¶ Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye.  

 

 

-

3


 

  ¶ Moun ki gen konprann, lè li wè malè ap vin sou li, li wete kò l'. Men, moun sòt pote lestonmak li bay, epi se li ki peye sa.  

 

 

-

4


 

  ¶ Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan.  

 

 

-

5


 

  ¶ Moun ki mache kwochi jwenn pikan ak pèlen sou wout yo. Si ou renmen lavi, pa fè menm wout ak yo.  

 

 

-

6


 

  ¶ Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'.  

 

 

-

7


 

  ¶ Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li.  

 

 

-

8


 

  ¶ Lè ou simen lenjistis, ou rekòlte malè. Ou rete konsa sak te fè ou gen gwo kòlèt la disparèt.  

 

 

-

9


 

  ¶ Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'.  

 

 

-

10


 

  ¶ Mete moun k'ap pase lòt moun nan betiz la deyò, lamenm tout kont, tout joure ap sispann.  

 

 

-

11


 

  ¶ Moun ki pa gen move lide dèyè tèt yo epi ki gen bon pawòl nan bouch yo ap gen wa a pou zanmi yo. Men, Bondye renmen moun ki sensè.  

 

 

-

12


 

  ¶ Seyè a pwoteje moun k'ap di verite. Men, li fè moun k'ap bay manti yo wont.  

 

 

-

13


 

  ¶ Parese rete chita lakay li, li di si li soti bèt nan bwa va manje l' nan lari a.  

 

 

-

14


 

  ¶ Pawòl fanm adiltè se gwo pèlen. Lè Seyè a move sou yon moun, moun lan ap pran nan pèlen sa a.  

 

 

-

15


 

  ¶ Timoun toujou ap fè move bagay. Men, fwèt ap fè yo pa rekonmanse ankò.  

 

 

-

16


 

  ¶ Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv.  

 

 

-

17


 

  ¶ Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.  

 

 

-

18


 

  L'a bon pou ou toujou kenbe yo nan kè ou, pou yo ka toujou anba lang ou.  

 

 

-

19


 

  Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.  

 

 

-

20


 

  Depi lontan, mwen te ekri bon pawòl sa yo pou ou. W'a jwenn anpil bon konsèy ak konesans ladan yo.  

 

 

-

21


 

  Y'a fè ou konnen verite a jan li ye a. Konsa, w'a pote bon repons bay moun ki te voye ou la. Men yo:  

 

 

-

22


 

  ¶ Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.  

 

 

-

23


 

  Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo.  

 

 

-

24


 

  ¶ Pa fè zanmi ak moun ki ankòlè fasil. Pa mache ak moun ki gen san wo.  

 

 

-

25


 

  W'a pran move mès yo. W'a rale malè sou ou.  

 

 

-

26


 

  ¶ Pa pwomèt pou ou reskonsab dèt yon lòt moun fè.  

 

 

-

27


 

  Si ou pa ka peye, y'a sezi ata kabann anba do ou.  

 

 

-

28


 

  ¶ Pa janm deplase bòn tè kote granmoun lontan te mete yo.  

 

 

-

29


 

  ¶ Moutre m' yon nonm ki gen ladrès nan sa l'ap fè. Se moun konsa k'ap rive travay ak chèf. Li pa pral travay ak moun ki pa anyen.  

 

 

-

Proverbs 23

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: