Haitian Creole Bible

Proverbs 16

Proverbs

Return to Index

Chapter 17

1


 

  ¶ Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman.  

 

 

-

2


 

  ¶ Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit.  

 

 

-

3


 

  ¶ Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.  

 

 

-

4


 

  ¶ Mechan yo toujou prèt pou koute moun k'ap di move pawòl. Zòrèy mantò yo toujou louvri pou koute moun k'ap bay manti.  

 

 

-

5


 

  ¶ Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'.  

 

 

-

6


 

  ¶ Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.  

 

 

-

7


 

  ¶ Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti.  

 

 

-

8


 

  ¶ Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè.  

 

 

-

9


 

  ¶ Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado.  

 

 

-

10


 

  ¶ Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt.  

 

 

-

11


 

  ¶ Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'.  

 

 

-

12


 

  ¶ Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute.  

 

 

-

13


 

  ¶ Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou.  

 

 

-

14


 

  ¶ Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.  

 

 

-

15


 

  ¶ Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo.  

 

 

-

16


 

  ¶ Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann.  

 

 

-

17


 

  ¶ Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.  

 

 

-

18


 

  ¶ Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun.  

 

 

-

19


 

  ¶ Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.  

 

 

-

20


 

  ¶ Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka.  

 

 

-

21


 

  ¶ Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan.  

 

 

-

22


 

  ¶ Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye.  

 

 

-

23


 

  ¶ Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.  

 

 

-

24


 

  ¶ Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle.  

 

 

-

25


 

  ¶ Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'.  

 

 

-

26


 

  ¶ Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal.  

 

 

-

27


 

  ¶ Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann.  

 

 

-

28


 

  Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann.  

 

 

-

Proverbs 18

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: