Haitian Creole Bible

Proverbs 9

Proverbs

Return to Index

Chapter 10

1


 

  ¶ Men pwovèb wa Salomon yo: Yon pitit ki gen bon konprann fè kè papa l' kontan. Men, yon pitit san konprann bay manman l' lapenn.  

 

 

-

2


 

  ¶ Byen ou rive fè nan move kondisyon p'ap rapòte ou anyen. Men, lè ou serye, ou sove lavi ou.  

 

 

-

3


 

  Seyè a p'ap kite moun ki mache dwat soufri grangou. Men, l'ap anpeche mechan an jwenn sa li anvi a.  

 

 

-

4


 

  ¶ Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich.  

 

 

-

5


 

  ¶ Yon nonm ki wè lwen ranmase rekòt li lè rekòt la pare. Men, se yon wont pou moun ki pase tou tan rekòt la ap dòmi.  

 

 

-

6


 

  ¶ benediksyon Bondye ap chita sou yon nonm debyen. Pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan.  

 

 

-

7


 

  ¶ Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.  

 

 

-

8


 

  ¶ Moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba li. Men, moun k'ap pale tankou moun fou pa lwen mouri.  

 

 

-

9


 

  ¶ Yon nonm serye pa janm bezwen pe anyen. Men, yo gen pou yo bare moun k'ap fè vis.  

 

 

-

10


 

  ¶ Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun k'ap voye wòch kache men. Men, moun ki pale kare anpeche kont.  

 

 

-

11


 

  ¶ Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Men, pawòl yon moun mechan p'ap janm kite ou wè jan l' mechan.  

 

 

-

12


 

  ¶ Lè ou gen renmen nan kè ou, ou padonnen tout peche. Men, lè ou rayi moun, ou toujou ap chache kont.  

 

 

-

13


 

  ¶ Moun lespri pale bon pawòl. Men, pou moun san konprann, se baton nan dèyè yo.  

 

 

-

14


 

  ¶ Moun ki gen bon konprann toujou ap aprann. Men, lè moun san konprann ap pale, malè pa lwen.  

 

 

-

15


 

  ¶ Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li.  

 

 

-

16


 

  ¶ Travay moun k'ap mache dwat yo bay lavi. Lajan moun k'ap fe sa ki mal yo se pou malè yo.  

 

 

-

17


 

  ¶ Moun ki koute lè yo rale zòrèy yo ap jwenn chemen lavi. Men, moun ki refize admèt lè yo antò pèdi chemen yo.  

 

 

-

18


 

  ¶ Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san konprann.  

 

 

-

19


 

  ¶ Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.  

 

 

-

20


 

  ¶ Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen.  

 

 

-

21


 

  Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat ap pwofite anpil moun. Men, moun sòt yo ap mouri, paske yo pa gen konprann.  

 

 

-

22


 

  ¶ benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li.  

 

 

-

23


 

  ¶ Lè moun san konprann ap fè sa ki mal, se tankou yon jwèt pou yo. Men, yon moun lespri pran plezi l' nan chache gen bon konprann.  

 

 

-

24


 

  ¶ Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l' ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l' pè rive l' la k'ap rive l'.  

 

 

-

25


 

  Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm.  

 

 

-

26


 

  ¶ Pa janm voye parese fè komisyon pou ou. L'ap ennève ou menm jan sitwon fè dan moun gasi, menm jan lafimen fè je moun koule dlo.  

 

 

-

27


 

  ¶ Krentif pou Bondye fè moun viv lontan. Men, mechan yo mouri anvan lè yo.  

 

 

-

28


 

  Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan.  

 

 

-

29


 

  ¶ Chemen Bondye se yon pwoteksyon pou moun ki serye. Men, l'ap detwi moun k'ap fè mal yo.  

 

 

-

30


 

  Yo p'ap janm ka fè moun k'ap mache dwat yo brannen. Men, mechan yo ap disparèt nan peyi a.  

 

 

-

31


 

  ¶ Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt.  

 

 

-

32


 

  Moun k'ap mache dwat yo konn bèl pawòl pou yo di. Men, lang mechan yo, se kouto de bò.  

 

 

-

Proverbs 11

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: