Haitian Creole Bible

Psalms 147

Psalms

Return to Index

Chapter 148

1


 

  ¶ Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la!  

 

 

-

2


 

  Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.  

 

 

-

3


 

  Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!  

 

 

-

4


 

  Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.  

 

 

-

5


 

  Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.  

 

 

-

6


 

  Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'.  

 

 

-

7


 

  ¶ Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a,  

 

 

-

8


 

  dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè,  

 

 

-

9


 

  gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,  

 

 

-

10


 

  tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl.  

 

 

-

11


 

  Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm,  

 

 

-

12


 

  jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.  

 

 

-

13


 

  Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.  

 

 

-

14


 

  Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!  

 

 

-

Psalms 149

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: