Haitian Creole Bible

Psalms 131

Psalms

Return to Index

Chapter 132

1


 

  ¶ Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.  

 

 

-

2


 

  Seyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l' te di:  

 

 

-

3


 

  -Mwen p'ap antre nan kay kote m' rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,  

 

 

-

4


 

  mwen p'ap bay kò m' repo, mwen p'ap fèmen je m',  

 

 

-

5


 

  toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Seyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.  

 

 

-

6


 

  Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.  

 

 

-

7


 

  Ann al lakay Seyè a. Ann al devan fotèy li pou n' adore l'.  

 

 

-

8


 

  Leve non, Seyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.  

 

 

-

9


 

  Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.  

 

 

-

10


 

  Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Seyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.  

 

 

-

11


 

  ¶ Seyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fotèy ou a.  

 

 

-

12


 

  Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fotèy ou a.  

 

 

-

13


 

  Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.  

 

 

-

14


 

  Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.  

 

 

-

15


 

  M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.  

 

 

-

16


 

  M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.  

 

 

-

17


 

  Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a soti nan fanmi moun mwen chwazi a.  

 

 

-

18


 

  M'ap fè lènmi l' yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.  

 

 

-

Psalms 133

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: