Haitian Creole Bible

Psalms 106

Psalms

Return to Index

Chapter 107

1


 

  ¶ Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou!  

 

 

-

2


 

  Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,  

 

 

-

3


 

  li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid.  

 

 

-

4


 

  Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.  

 

 

-

5


 

  Yo t'ap mouri grangou. Swaf dlo t'ap touye yo. Yo santi yo pa t' kapab ankò.  

 

 

-

6


 

  Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.  

 

 

-

7


 

  Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.  

 

 

-

8


 

  Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.  

 

 

-

9


 

  Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t'ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.  

 

 

-

10


 

  ¶ Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn,  

 

 

-

11


 

  paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo.  

 

 

-

12


 

  Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men.  

 

 

-

13


 

  Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.  

 

 

-

14


 

  Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.  

 

 

-

15


 

  Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.  

 

 

-

16


 

  Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo.  

 

 

-

17


 

  ¶ Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t'ap soufri paske yo te fè sa ki mal.  

 

 

-

18


 

  Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.  

 

 

-

19


 

  Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.  

 

 

-

20


 

  Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.  

 

 

-

21


 

  Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.  

 

 

-

22


 

  Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l' mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.  

 

 

-

23


 

  ¶ Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t'ap fè trafik lakòt pou yo viv.  

 

 

-

24


 

  Yo te wè sa Seyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè.  

 

 

-

25


 

  Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move.  

 

 

-

26


 

  Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo.  

 

 

-

27


 

  Tèt yo vire, y'ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo.  

 

 

-

28


 

  Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.  

 

 

-

29


 

  Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt.  

 

 

-

30


 

  Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Seyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo t'aprale a.  

 

 

-

31


 

  Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.  

 

 

-

32


 

  Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo.  

 

 

-

33


 

  ¶ Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò.  

 

 

-

34


 

  Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t'ap viv la a t'ap fè twòp mechanste.  

 

 

-

35


 

  Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.  

 

 

-

36


 

  Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete.  

 

 

-

37


 

  Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt.  

 

 

-

38


 

  Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple.  

 

 

-

39


 

  Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t'ap peze yo, yo t'ap soufri, yo te nan mizè.  

 

 

-

40


 

  Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,  

 

 

-

41


 

  se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini.  

 

 

-

42


 

  Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen.  

 

 

-

43


 

  Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè!  

 

 

-

Psalms 108

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: