Haitian Creole Bible

Psalms 103

Psalms

Return to Index

Chapter 104

1


 

  ¶ Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!  

 

 

-

2


 

  Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.  

 

 

-

3


 

  Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.  

 

 

-

4


 

  Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.  

 

 

-

5


 

  Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.  

 

 

-

6


 

  Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.  

 

 

-

7


 

  Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò.  

 

 

-

8


 

  Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo.  

 

 

-

9


 

  Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.  

 

 

-

10


 

  ¶ Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.  

 

 

-

11


 

  Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.  

 

 

-

12


 

  Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo.  

 

 

-

13


 

  Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.  

 

 

-

14


 

  Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,  

 

 

-

15


 

  pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.  

 

 

-

16


 

  Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen.  

 

 

-

17


 

  Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo.  

 

 

-

18


 

  Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo.  

 

 

-

19


 

  ¶ Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche.  

 

 

-

20


 

  Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò.  

 

 

-

21


 

  Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje.  

 

 

-

22


 

  Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo.  

 

 

-

23


 

  Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche.  

 

 

-

24


 

  Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.  

 

 

-

25


 

  Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.  

 

 

-

26


 

  Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'.  

 

 

-

27


 

  Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.  

 

 

-

28


 

  Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.  

 

 

-

29


 

  Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.  

 

 

-

30


 

  Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi.  

 

 

-

31


 

  ¶ Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè.  

 

 

-

32


 

  Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.  

 

 

-

33


 

  M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.  

 

 

-

34


 

  Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan.  

 

 

-

35


 

  Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!  

 

 

-

Psalms 105

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: