Haitian Creole Bible

Psalms 95

Psalms

Return to Index

Chapter 96

1


 

  ¶ Chante yon chante tou nèf pou Seyè a! Nou tout ki rete sou latè, chante pou Seyè a!  

 

 

-

2


 

  Chante pou Seyè a, fè lwanj li! Chak jou, fè konnen jan li delivre nou.  

 

 

-

3


 

  Fè nasyon yo konnen pouvwa li. Fè tout pèp yo konnen bèl bagay li fè yo.  

 

 

-

4


 

  Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.  

 

 

-

5


 

  Bondye lòt nasyon yo pa anyen, se pòtre yo ye. Men, se Seyè a ki fè syèl la.  

 

 

-

6


 

  Devan li se respè, se chapo ba. Gen pouvwa, gen mèvèy nan kay ki apa pou li a!  

 

 

-

7


 

  Nou tout pèp ki sou latè, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!  

 

 

-

8


 

  Fè lwanj li paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li!  

 

 

-

9


 

  Adore Bondye nan bèl kay ki apa pou li a! Nou tout ki sou latè, tranble devan li.  

 

 

-

10


 

  ¶ Mache di nan tout peyi yo: Se Seyè a ki sèl wa. Latè kanpe fèm, anyen pa ka brannen l'. L'ap jije tout moun san patipri.  

 

 

-

11


 

  Se pou syèl la kontan, se pou latè a fè fèt. Se pou lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fè bri sitèlman yo kontan.  

 

 

-

12


 

  Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fè fèt. Se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitèlman yo kontan,  

 

 

-

13


 

  lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.  

 

 

-

Psalms 97

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: