Haitian Creole Bible

Psalms 93

Psalms

Return to Index

Chapter 94

1


 

  ¶ Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye.  

 

 

-

2


 

  Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite!  

 

 

-

3


 

  Kilè mechan yo va sispann fè fèt? Wi, Seyè, kilè y'a sispann?  

 

 

-

4


 

  Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?  

 

 

-

5


 

  Seyè, y'ap kraze pèp ou a, y'ap peze moun pa ou yo.  

 

 

-

6


 

  Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a.  

 

 

-

7


 

  Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa!  

 

 

-

8


 

  Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann?  

 

 

-

9


 

  Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè?  

 

 

-

10


 

  Limenm ki reskonsab tout nasyon yo, ki jan pou l' pa ta ka pini yo? Limenm k'ap bay moun tout kalite konesans, ki jan pou l' pa ta ka konnen?  

 

 

-

11


 

  Seyè a konnen lide lèzòm gen nan tèt yo. Li konnen sa pa vo anyen.  

 

 

-

12


 

  ¶ Ala bon sa bon, Seyè, lè w'ap korije yon moun, pou fè l' konnen sa ki nan lalwa ou,  

 

 

-

13


 

  pou l' ka rete ak kè poze lè jou malè a rive, jouk y'a fouye twou pou antere mechan an.  

 

 

-

14


 

  Seyè a p'ap voye pèp li a jete, li p'ap vire do bay moun ki pou li yo.  

 

 

-

15


 

  Lè sa a, moun va jwenn jistis nan tribinal, tout moun ki mache dwat va dakò avèk sa.  

 

 

-

16


 

  Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo?  

 

 

-

17


 

  Si se pa t' Seyè a ki te sekou mwen, gen lontan depi mwen ta mouri.  

 

 

-

18


 

  Lè mwen di: Men m'ap tonbe wi! Se ou menm, Seyè, ki soutni m' paske ou gen bon kè.  

 

 

-

19


 

  Lè m' nan tèt chaje, lè mwen pa konn sa pou m' fè, se ou menm ki ban m' kouraj, se ou menm ki fè kè m' kontan.  

 

 

-

20


 

  Eske ou nan konfyolo avèk jij pèvèti sa yo, k'ap fè mechanste yo pase pou lalwa?  

 

 

-

21


 

  Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò.  

 

 

-

22


 

  Men, Seyè a se tout defans mwen. Bondye mwen, se twou wòch kote m' jwenn pwoteksyon.  

 

 

-

23


 

  L'ap fè mechanste yo a tonbe sou pwòp tèt yo, l'ap fè peche yo a touye yo. Seyè a, Bondye nou an, ap disparèt yo.  

 

 

-

Psalms 95

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: