Haitian Creole Bible

Psalms 72

Psalms

Return to Index

Chapter 73

1


 

  ¶ Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.  

 

 

-

2


 

  Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe,  

 

 

-

3


 

  paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.  

 

 

-

4


 

  Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra.  

 

 

-

5


 

  Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.  

 

 

-

6


 

  Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun.  

 

 

-

7


 

  Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.  

 

 

-

8


 

  Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun.  

 

 

-

9


 

  Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.  

 

 

-

10


 

  Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.  

 

 

-

11


 

  Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen?  

 

 

-

12


 

  Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches.  

 

 

-

13


 

  Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè?  

 

 

-

14


 

  Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen.  

 

 

-

15


 

  ¶ Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo.  

 

 

-

16


 

  Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen,  

 

 

-

17


 

  jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini.  

 

 

-

18


 

  Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.  

 

 

-

19


 

  Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.  

 

 

-

20


 

  Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.  

 

 

-

21


 

  ¶ Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil.  

 

 

-

22


 

  Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou.  

 

 

-

23


 

  Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe.  

 

 

-

24


 

  Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou.  

 

 

-

25


 

  Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè.  

 

 

-

26


 

  Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.  

 

 

-

27


 

  Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou.  

 

 

-

28


 

  Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.  

 

 

-

Psalms 74

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: