Haitian Creole Bible

Job 40

Job

Return to Index

Chapter 41

1


 

  ¶ Eske ou ka pran levyatan an nan zen? Eske ou ka mare lang li ak yon kòd?  

 

 

-

2


 

  Eske ou ka pase yon bwa wozo nan nen l'? Eske ou ka pèse machwè l' ak yon gwo zen?  

 

 

-

3


 

  Eske li pral mande ou: Tanpri souple, kite m' ale? Eske l'ap pale dous avè ou?  

 

 

-

4


 

  Eske l'ap pase kontra avè ou pou l' sèvi ou pou tout tan?  

 

 

-

5


 

  Eske ou ka mare l' tankou yon ti zwezo pou pitit fi ou yo ka jwe avè l'?  

 

 

-

6


 

  Eske moun k'ap fè lapèch yo pral fè lajan avè l'? Eske machann yo pral koupe l' an moso pou yo vann?  

 

 

-

7


 

  Eske ou ka pike tout po kò l' ak fwenn? Eske ou ka pèse tèt li ak yon fwenn?  

 

 

-

8


 

  Seye mete men ou sou li yon grenn fwa, ou p'ap janm fè sa ankò, lè w'a chonje sa l'a fè ou!  

 

 

-

9


 

  Depi ou wè levyatan an, ou pèdi tout kouraj ou. Ou annik wè l', ou tonbe atè.  

 

 

-

10


 

  Si yo leve l' nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'.  

 

 

-

11


 

  ¶ Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa.  

 

 

-

12


 

  Mwen pa bezwen di ou anyen sou pa t' janm li yo. Men, m'a fè ou konnen pa gen bèt ki gen fòs pase l'.  

 

 

-

13


 

  Pesonn pa janm rive dechire premye po li. Ni pesonn pa janm rive pèse karapas li.  

 

 

-

14


 

  Ki moun ki janm fòse l' louvri bouch li? Dan nan bouch li, se bagay ki pou fè moun kouri.  

 

 

-

15


 

  Tout do l', se yon seri gwo kal mare yonn ak lòt. Yo di kou wòch.  

 

 

-

16


 

  Yo kole yonn ak lòt, yo fè yon sèl. Pa gen yon ti fant nan mitan yo pou lè pase.  

 

 

-

17


 

  Yo sitèlman byen kole yonn ak lòt anyen pa ka separe yo.  

 

 

-

18


 

  Lè l' estènen, limyè fè yan-yan. Je l' klere tankou solèy lè l'ap leve.  

 

 

-

19


 

  Flanm dife ap soti nan bouch li. Tensèl dife ap vole soti ladan l'.  

 

 

-

20


 

  Lafimen ap soti nan tout twou nen l' tankou nan yon chodyè k'ap bouyi sou dife.  

 

 

-

21


 

  Souf li ta ka limen bwa dife. Flanm dife ap soti nan bouch li.  

 

 

-

22


 

  Se nan kou li tout fòs li ye. Depi moun wè l', kè yo kase.  

 

 

-

23


 

  Po li fè kal kal sou tout kò li. Yo kole yonn ak lòt. Yo di kou wòch.  

 

 

-

24


 

  Kè li di kou wòch, li pa pè anyen. Li fèm kou wòl moulen.  

 

 

-

25


 

  Lè li leve kanpe, ata gwonèg yo pè. Yo kouri san gad dèyè.  

 

 

-

26


 

  Pa gen nepe ki ka blese l'. Ni fwenn, ni lans, ni flèch pa ka fè l' anyen.  

 

 

-

27


 

  Pou li, nenpòt bout fè lejè kou pay, nenpòt bout asye mou tankou bannann mi.  

 

 

-

28


 

  Pa gen kout flèch ki pou fè l' kouri. Wòch fistibal, se boul koton pou li.  

 

 

-

29


 

  Yon baton fè se yon bwa mayi pou li. Li ri lè yo voye lans sou li.  

 

 

-

30


 

  Anba vant li graj graj tankou moso kannari kraze. Kote li pase nan labou a, li make l' tankou machin k'ap kraze boul tè nan jaden.  

 

 

-

31


 

  Lè l' plonje, li boulvèse fon lanmè a, se tankou dlo nan chodyè k'ap bouyi sou dife. Li fè l' bouyi tankou dlo nan veso y'ap boule odè.  

 

 

-

32


 

  Lè l'ap naje, li kite nan dlo a yon chemen ki klere nan solèy la. Li fè tout lanmè a kimen.  

 

 

-

33


 

  Pa gen bèt tankou l' sou latè. Bondye kreye l' pou l' pa janm pè anyen.  

 

 

-

34


 

  Li gade bèt ki pi fewòs yo nan je. Se li ki wa tout bèt sovaj yo.  

 

 

-

Job 42

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: