Haitian Creole Bible

Job 36

Job

Return to Index

Chapter 37

1


 

  ¶ Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache.  

 

 

-

2


 

  Nou tout, koute vwa Bondye! Koute jan l'ap gwonde!  

 

 

-

3


 

  Zèklè a kouri nan tout syèl la. Li klere dènye bout latè.  

 

 

-

4


 

  Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw.  

 

 

-

5


 

  Lè Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay, bagay nou pa ka konprann.  

 

 

-

6


 

  ¶ Li bay lanèj lòd kouvri latè. Li bay gwo lapli lòd tonbe.  

 

 

-

7


 

  Li fè tout moun sispann travay. Li fè yo wè sa se travay pa l'.  

 

 

-

8


 

  Tout bèt antre nan twou. Y' al kache kò yo nan nich.  

 

 

-

9


 

  Van tanpèt soti nan sid. Van frèt soti nan nò.  

 

 

-

10


 

  Souf Bondye fè dlo tounen glas. Konsa, tout dlo tounen glas.  

 

 

-

11


 

  Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.  

 

 

-

12


 

  Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.  

 

 

-

13


 

  Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou.  

 

 

-

14


 

  ¶ Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m' pral di la a. Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.  

 

 

-

15


 

  Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd, ki jan li fè zèklè yo klere nan nwaj yo?  

 

 

-

16


 

  Eske ou konnen ki jan nwaj yo fè flote nan syèl la? Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l' fòk ou gen anpil ladrès.  

 

 

-

17


 

  Lè van cho ki soti nan sid la ap kwit tè a, ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.  

 

 

-

18


 

  Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?  

 

 

-

19


 

  Fè m' konnen sa pou nou di Bondye. Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l'.  

 

 

-

20


 

  Mwen pa mande pou m' pale ak Bondye. Poukisa pou m' ba li okazyon pou li touye m'?  

 

 

-

21


 

  ¶ Ou rete konsa ou pa wè solèy la. Li kache anba nwaj yo. Yon van leve, li fè solèy la klere ankò.  

 

 

-

22


 

  Yon bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò. Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.  

 

 

-

23


 

  Nou pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a. Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri. Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.  

 

 

-

24


 

  Se poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li. Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.  

 

 

-

Job 38

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: