Haitian Creole Bible

Job 16

Job

Return to Index

Chapter 17

1


 

  ¶ Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon.  

 

 

-

2


 

  Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi.  

 

 

-

3


 

  Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo.  

 

 

-

4


 

  Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen.  

 

 

-

5


 

  Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li.  

 

 

-

6


 

  Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'!  

 

 

-

7


 

  Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!  

 

 

-

8


 

  Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye.  

 

 

-

9


 

  Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.  

 

 

-

10


 

  ¶ Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann.  

 

 

-

11


 

  Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò.  

 

 

-

12


 

  Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen.  

 

 

-

13


 

  Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'.  

 

 

-

14


 

  Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.  

 

 

-

15


 

  Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò?  

 

 

-

16


 

  Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?  

 

 

-

Job 18

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: