Haitian Creole Bible

Job 10

Job

Return to Index

Chapter 11

1


 

  ¶ Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:  

 

 

-

2


 

  -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.  

 

 

-

3


 

  Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?  

 

 

-

4


 

  Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!  

 

 

-

5


 

  Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!  

 

 

-

6


 

  Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.  

 

 

-

7


 

  ¶ Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?  

 

 

-

8


 

  Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?  

 

 

-

9


 

  Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.  

 

 

-

10


 

  Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l' non?  

 

 

-

11


 

  Bondye konnen tout moun k'ap bay manti. Je l' byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.  

 

 

-

12


 

  Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.  

 

 

-

13


 

  ¶ Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.  

 

 

-

14


 

  Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.  

 

 

-

15


 

  Lè sa a, w'a leve tèt ou pou gade moun nan je. W'a byen fèm, ou p'ap pè anyen.  

 

 

-

16


 

  W'a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p'ap chonje yo ankò.  

 

 

-

17


 

  Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.  

 

 

-

18


 

  Ou pral viv san kè sote. Ou p'ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l'a ba ou kè poze.  

 

 

-

19


 

  Lè w'ap dòmi, pesonn p'ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.  

 

 

-

20


 

  Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p'ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y'ap tann.  

 

 

-

Job 12

 

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: